KOPI LÈT M. DU CHILLEAU POU M. DE LA LUZERNE, 28 MAS 1789. Nº 35

28 Mas 1789

Nan yon lèt adrese a Minis Lamarin Fransè a, César-Henri de la Luzerne, Marie-Charles du Chilleau, Gouvènè Jeneral Sendomeng lan, anonse plan l pou prezante yon òdonans ofisyèl ki ta pral pèmèt Sendomeng enpòte legalman farin ki soti Ozetazini. Lwa komès ki te favorize komèsan nasyon an nan defavè plantè kolonyal l yo te yon doleyans depi lontan nan Karayib la. Gouvènman franse a te bay yon soulajman lè l te elimine tarif nan tout pò yo nan lane 1780 ; men farin te rete yon monopòl nasyonal. Kriz grenn alimantè nan lane 1788 jiska 1789 la te anflame kesyon sa a.

Aprè yon sezon fredi malouk te detwi tout plant ble nan lafrans, pa te gen ase ble pou ekspòte lòt bò dlo. Pou rasire Sendomeng t ap gen depo manje byen founi, du Chilleau, yon moun ki te gen paspouki pou gwoup plantè yo, te pwopoze yon liberasyon tanporè ki te mete l dozado ak siveyan an chaj la, François Barbé de Marbois.

San li pa t tann pou repons Lucerne nan Pari, sa ki te ka pran omwens de mwa, du Chilleau pibliye òdinans li ya twa jou apre l te voye lèt sa a. Epi òdonans lan te dwe pran efè nan premye avril. Pou aksyon sa a, gouvènman imedyatman reprimande l.

Original
(Copie de la Lettre de M. du Chilleau à M. de la Luzerne, du 28 Mars 1789. Nº. 35)

Want to get involved? Help clean up the French text.


Tradiksyon: 

Korespondans M. le Marquis du Chilleau, Gouvènè Jeneral Sendomeng, ak M. le Comte de la Luzerne, Minis Lamarin, ak M. de Marbois, Entandan Sendomeng, konsènan entwodiksyon farin etranje nan koloni a. 

Adrese a Mesye yo yon depite nan Sendomeng, sou demand Prezidan Asanble Nasyonal la, ki date 16 septanm, 1789.

[…]

Mesye


Nouvèl twoublan nou te resevwa yo, sa yo ki rive jwenn nou chak jou sou gravite fredi ki te ravaje Lafrans, sou pèt total rekòt yo, sou tout bezwen Metwopòl la, sou eprèv nou pral rankontre nan koloni a, te fòse m chèche mezi prevantif ak asire rezèv manje nou yo pou jiskas pwochèn sezon rekòt la nan yon fason ki pap ogmante sitiyasyon malouk abitan yo akòz dènye siklòn nan. 

Nan konvèsasyon mwen ak M. de Marbois sou sijè enpòtan sa a, mwen enfòme l ke entansyon m se te pou mwen pèmèt, pou yon tan detèmine, entwodiksyon farin etranje ak biskwit nan koloni an atravè antite nasyonal ak Ameriken. Pou mwen, mezi sa a te parèt apwopriye e li te sanble sèl mwayen ki te kapab pi vit satisfè entansyon mwen te genyen an. M. de Marbois te dakò avèk mwen sou kèlke pwen. Li te vle jwenn èd nan men New England, men mwayen li te pwopoze pou transpòte èd sa yo te diferan ak pwopozisyon mwen te fè a.

Okòmansman, li te vle voye twa fregat (bato lagè) nan Amerik Dinò pou yo te al chèche farin frans ak biswit. Lè y ap retounen, yo t ap gen pou yo debake pwodwi sa yo nan depo leta pou lavant ak manb piblik la.

Men, retire twa bato sa yo nan estasyon an ta pral kite pò nou yo yon jan vilnerab, epi sa ta pral garanti siksè komès kontrebann sa ke absans bato yo t ap san dout ankouraje. Mwa pwochen, an akò ak lòd ou yo, n ap voye yon fregat ak yon bato ekspedisyon nan Newfoundland (oswa: Nova Scotia tan modèn).

Apa de rezon sa yo, kagezon fregat yo se ant senk mil ak sis mil barik farin yo pral enpòte pou pi plis, yon èd ki trè fèb konpare ak bezwen nou. Dayè, pou mwen, li pa t parèt apwopriye pou administrasyon an ta anchaj lavant lan. Lè wa a vin sekouri sijè li yo, epi li pataje ak yo rezèv ki te destine pou kosomasyon pèsonèl li, sa trè louwab pou li. Men, pou administrasyon an fè achte farin pou li revann, tranzaksyon sa a, menm lè li ta fèt ak bon entansyon, piblik la ap soupsonnen l, sa nou ta dwe evite. Prepoze yo kapab komèt yon lavalè abi, bon farin ak bon pen ka rive transfòme an move kalite pou menn pri ak sa ki bon kalite yo, epi gen dwa pa janm gen protestasyon kont lavalè abi sa yo. Jan de lavant sa yo ki fèt sou non wa sa ouvan gen rezilta parey nan lòt koloni. 

Apre li te aksepte tout agiman sa yo, M. de Marbois te propoze m pou mwen bay kèlke komèsan otorizasyon pou yo te ranpli fonksyon sa. Men, antan ke yon enmi tout privilèj ki ta kapab koze eksklizyon, mwen poko ka deside m pou mwen pran desizyon sa a.

 [1]

Privilèj eksklizif sa yo se yon seri solisyon ki pi mal ke pwoblèm ki te bezwen ezoud la. Se sèl pou moun ki resevwa privilèj sa yo ak moun ki akòde yo ke yo toujou benefisyèl. Okòmansman, li parèt tankou privilèj sa yo pral redwi dolè a, men li pa pran twòp tan pou realize ke yo agrave l akòz abi ke yo okazyonen. 

Obsèvasyon sa yo, apwouve yon lòt fwa ankò, M. de Marbois finalement pwopoze pou mwen ta tann uit jou avan mwen egzekite pwojè mwen an, nan espwa ta va gen nouvèl ki pi satisfezan. Mwen soumèt mwen a dezi li a. Men, yon lòt fwa ankò mwen fè l wè ke malè pandye metwopòl la twò sèten, menase sa a ap realize si nou pa pran desizyon pou nou preveni l. Lè farin ki tap vann 70 liv nan premye mas la ap van 140 liv, lè biswit ki te kon ap vann 60 liv nan premye mas ap vann 80 liv, lè abitan ki te viktim siklòn mwa dawout la manke viv pou yo nouri esklav yo, epi yo pakapab jwen biswit pou nouri yo, yo riske pèdi esklav yo.

[…] 

Empòtasyon sa a ak abondans sa a pap kapab nwi komès nasyonal la, ni li pap kapab nwi pwodiksyon similè nan metwopòl la piske li deja anmank. Epi pou l pwokire de yo, li peye komèsan yo prim pou l kapab ankouraje yo alimante l. Gwoup komèsan yo paka pretann ke yo apwovizyone koloni an. 

Men, pètèt nou ka obsève ke pèmisyon an gen tròp trou vid, epi Ameriken yo pa ta dwe enkli ladan l. Okontrè mwen reflechi anpil, anpil sou admisyon Ameriken yo. Objektif mwen se pou mwen pote koloni a sekou, e piske bezwen yo ijan, moyen ki pi rapid e ki pi efikas yo se, pou mwen se yo mwen ta dwe adopte. Sinon, bay sèl komèsan Sendomeng yo pèmisyon pou enpote farin ak biswit nan koloni an t ap apeprè mennjan menn solisyon an. Twa oswa kat komèsan nan chak pati koloni an t ap kapab satisfè bezwen gouvènman an. Men li t ap byen fasil pou yo kole tèt yo ansanm, e rezilta operasyon yo a te ap fini nan avantaj yo sèlman. Pèmèt patisipasyon Ameriken yo nan aprovisyonman an se kreye abondans san kreye nwizans ni pou komèsan yo, ni pou konsomatè yo. 

[…]

Kopi, baze sou orijinal la, du Chileau.

[1] Baze sou previsyon l sou aksyon Asanble Nasyonal la ki ta pral chanje Lafrans pandan mwa ete yo, Du Chilleau refize akòde privilèj gouvènemantal a yon te group moun chwazi.