KOPI LÈT MARQUIS DU CHILLEAU TE EKRI M. DE MARBOIS, NAN DATE 29 MAS 1789, DOKIMAN A. AK REPONS M. DE MARBOIS NAN MENM JOU A, DOKIMAN B.

29 Mas 1789

Dokiman sa yo se de premye lèt nan yon korepondans aleretou konsènan entwodiksyon sereyal etranje nan Sendomeng ant gòvène a, Marquis du Chilleau ak entandan de Marbois, chèf an tèt administrasyon, finans ak lajistis. Lèt yo te acheminen bay Comte de la Luzerne, minis koloni a. Konesan ke gouvènman Fransè a pa t ap wè zak enfraksyon kon lwa ki anplas yo ak yon bon je, du Chilleau espere li kapab konvenk siperyè l yo ke chwa li fè a se yon chaw administratif. Sa ki ap pèmèt li demontre ke li aji nan limit fonksyon gouvènè l.

Tandiske lalwa kolonyal la te ekri Lafrans, gouvènè ak entandan yo te gen pouvwa pou yo kreye òdinans lokal. Konfli konsènan deliberasyon komès la mete fas pou fas du Chilleau, yon sipòtè demand kolonyal pou refòm, ki fenk debake nan koloni a, kont Marbois, administratè ki gen plis siksè nan Sendomeng e ki te yon ranfòsè sevè lalwa. Kabinè ministeryèl la, e pita asanble nasyonal la te sipòte de Marbois, men kolonis yo te tire revanj sou li nan otòn, lè li te oblije sove kite zile a. 

Pou koute dokiman sa a ann Kreyòl

Orijinal

kopi lèt M. Marquis du chilleau te voye bay M. de Marbois, nan date 29 mas 1789 (dokiman a) ansanm ak repons m. de marbois nan menm jou a (dokiman b)

Original
(Copie de la Lettre de M. le Marquis du Chilleau à M. de Marbois, en date du 29 Mars 1789. Cotte A. and Réponse de M. de Marbois du même jour. Cotte B.)


Want to get involved? Help clean up the French text.

Tradiksyon:

[…]

Mesye, bezwen yo ijan, nou pa gen okenn espwa sekou nan rete tann Lafrans. Nou pa gen yon minit pou nou pèdi pou n asire sivivans koloni a. Pou mwen, koloni a deja parèt nan yon eta kritik. Lèt ministeryèl la ki te adrese a administratè koloni yo avek desizyon jidisyè 30 mwa dawout 1784 la, konfime opinyon m sou yon pèmisyon jeneral pou intwodiksyon farine etranje. Anvan okenn sikonstans pa te janm egzije yon desizyon parèy an ijans. E mwen priye w an gras mesye, pou w mete tout lot biznis sou kote pou w voye, pa kourye, yon lèt kominal date de jodi a bay tout reprezantan nou yo nan Fò Dauphin, Port-au-Prince, Le Cap, Port-de-Paix, Saint-Marc, Petit Goâve, Les Cayes, Jérémie et Jacmel pou enfòme yo de akseptans farin etranje nan tout kote sa yo. Anplis pou nou enfòme ameriken yo tou konsènan twa pò fran yo. Mesye, mwen mande nou tou, pou nou ouvri tout magazen majeste a kou ositoke sa posib. Nou te deside pri farin nan ap 100 liv pa barik a pati de 2 avril. Li nesesè pou sa fèt san reta, pou retablisman ekilib ak pri [tout pwodui] pou komèsan yo.

Pa bliye, mesye, nou ap bezwen pale tou de ki fason peman farin etranje a dwe fèt.

Repons M. de Marbois nan menm jou a.

Mesye Marquis, mwen sot resevwa lèt ou te fè m lonè ou te ekri m maten an. Mwen mete zafe sèvis postal la dekote. Epi mwen ekri sou papye kèlke lide konsènan pwopozisyon ou fè m pou m pase lòd, apati maten an, pou louvèti tout 12 pò koloni a pou komès etranje. Mwen priye w an gras pou w egzamine l ankò. Aksyon ou propose m nan, daprè mwen menm, pa parèt tankou yon avantaj pou koloni an. Anplis, li enposib pou mwen ta mele m nan sa ki gen a wè a distribisyon farin ak pen etranje nan lòt pò apa de pò ki deziyen pou enpòtasyon ak ekspòtasyon yo. Lòd wa a ki enkli nan lèt minis [1] li a presi sou zafè sa a. Mwen priye w anpil pou w dakò avè m nan limite kantite pèmisyon yo. Si w pa adopte men pozisyon avek mwen sou dènye pwen sa a, mwen ap aksepte desiziyon pa w la. Men ban mwen jiska aswè a pou mwen ekri yon lerègleman ke nou va anregistre yon fwa li gen siyen. Mwen pa tap janm kapab, nan de oswa twazèdetan konsilte tout lwa nou tap bezwen sispann oswa modifye, ankò mwens pou m ta chanje yo avèk yon senp lèt paske gouvènans koloni a fonde sou anpil lwa ke Wa a etabli direkteman. Pou kounye a, mwen pral kanpe sou tout lòt evenman ak tout lòt aktivite pou mwen kapab konsakre tout tan m a dosye sa. Sa ap fè m anpil onè pou mwen wè avek ou jodi a pou m infòme w de travay mwen osito l ameliyore.  

Mwen kwè fèm si te gen entèdiksyon ekspòtasyon farin wayòm nan pou koloni nou yo, ministè a t ap enfòme nou de sa. Anplis, machann yo yomanm t ap kite tout pò wayom nan pou yo te al chèche l Etazini pou pote l ban nou. Mwen sèten ke depatman an pa t ap abandone koloni yo san l pa enfòme nou de yon desizyon ki si enpòtan.

[1] César-Henri de la Luzerne, Ministè Naval la.