ODONANS KONSÈNAN ENTRODIKSYON FARINE ETRANJE NAN AK DEPO NAN PATI FRANSÈ ZILE SENDOMENG 


May 27, 1789

Sèlman yon lane aprè Minis Naval Fransè a, César Henri de la Luzerne te nonmen Marquis Marie-Charles du Chilleau gouvènè nan Sendomeng, Du Chilleau te propoze òdonans sa a bay kabinè lejislatif fransè a pou otorize enpòtasyon legal sereyal etranje nan Sendomeng. Se deziyèm òdonans gòvènè a te pwomilge pou li te adrese karans farin nan Sendomeng, sa ki te menase plantè yo ak lafen epi malnitrisyon. 

Pita, Luzerne avèk komèsan fransè yo te sigjere Chilleau te swadizan konplis nan plan depite kolonyal yo pou pwomote komès ak Lezetazini yon jan pou yo te kapab afebli monopòl komèsan fransè yo te etabli a. Si lejislati ki te toujou sou kontwòl Louis XVI te pase òdonans sa a, komèsan fransè yo ta ka pèdi yon gwo pousantaj biznis. Anplis de sa, Metwopòl fransè a te ap pèdi pwofi sou machandiz kolonyal ke yo te kon boukante ak komèsan ameriken yo pou lòt pwovisiyon tankou farin ak sereyal. 

Tandiske sa yo se kèk aktivite ki ap pase nan bakgrawonn nan, dokiman sa rekonèt ke, menm jan ak koloni yo, metwopol Lafrans te manke pwovisyon aprè yon ivè malouk te ratibwaze plantasyon sereyal yo, sa ki te fòse peyi a enpòte pwovizyon de peyi Angletè. Anplis, Chilleau dekri pa ki fason yo ta dwe resevwa bato etranje yo, kijan yo dwe takse yo, epi kijan yo dwe peye yo pou komès yo ak Sendomeng ; yon fason pou pi byen sèvi wayòm nan pandan moman difisil sa yo.

[1] Marquis Marie Charle du Chilleau te yon ansyen ofisye nan lame fransè e li te estasyone nan Almay pendan Lagè Sèt Lane a. Li finalman rive nan pòs Marechal kan ; pi gwo ran nan lame. Nan yon rapò ki te prezante devan Louis XVI nan dat 7 mas, 1789, Luzerne te nonmen Du Chilleau pou pòs sa a nan Sendomeng, andizan li te sèvi ak distenksyon kesewa tankou solda, oswa tankou yon Marechal.

Original
(Ordonnance concernant l’introduction des farines étrangères dans les ports d’entrepôts de la partie française de l’île de Saint-Domingue)


The French text of this Ordinance has already been transcribed and is available through the French Revolution Digital Archive.

Tradiksyon:

Odonans konsènan entrodiksyon farine etranje nan ak depo nan pati fransè zile Sendomeng

Ekstrè Rejis Konsèy Siperyè Sendomeng lan.

Òdonans sa a ke nou te prezante nan dat 31 mwa Mas nan lane 1789 la, te anrejistre nan Konsèy Siperyè zile Sendomeng, nan premye mwa Davril. Li te pèmèt enpòtasyon farin etranje. Nou mete entwodiksyon sa a ansanm aprè nou te resevwa nouvèl malouk ke li te ap enposib pou Lafrans ta voye bannou kantite sibzistans abityèl la, akòz destriksyon preske total plantasyon sereyal yo nan wayòm fransè a akòz yon ivè sevè. Paske majeste a te konn bay prim pou ankouraje enpòtasyon sereyal nan wayòm nan, sa retire tout dout ke li pa ta vle prevni kalamite mankman manje ki te menase wayòm nan, epi li pa te enposib pou komès natsyonal la te fè enpòtasyon sifizan pou satisfè bezwen koloni a.

Òdonans sa a ki baze sou malè pandye ke sitiyasyon metwopòl la ta dwe fè nou pè yo, pa te entyèman ranpli tout vizyon ke nou te andioze tèt nou ak yo a. Kantite farin ki te entwodwi a te minim, e pri pen te sèlman diminye tou piti. Anplis, chanjman sa a se sèlman andan twa vil prensipal yo li te gen randman. Vil entèmedyè yo, lefè ke yo pa te jwen èd sa yo, yo te tonbe nan yon move detrès. [1]

Pwoblèm enpòtasyon an, daprè diferan rapò amatè bato etranje yo fè, se lefè ke yo sèlman kapab rampli bato yo ak yon kantite danre kolonyal ki egzakteman egal ak kantite farin yo kapab enpòte. Rejim entèdiksyon sa a genyen de konsekans ki absoliman kontrè ak enterè koloni a : Premyeman, li kite koloni an san pwodwi prensipal ki nesesè pou sibzistans li. Dezyèmman, li enpoze koloni a rantre lajan li ta kapab rantre, lefè ke etranje yo pa kapab apwovizyone tèt yo ak tout sòt danre [kolonyal],yo retounen[nan peyi yo] ak yon bon kantite nan lajan yo te rantre nan enpòtasyon farin nan. 

Pwoblèm sa a egzige yon solisyon rapid epi efikas. Pwolonjman dat delè òdonans 31 mas la ak peman an danre [kolonyal] parèt mezi ki pi efikas pou rektifye inkonvenyas nou identifye yo ; kidonk, sou baz pouvwa nou te resevwa, nou menm,  jeneral ak entandan nou te òdone e nou ap òdone atik swivan yo.

Atik 1 : Apati de premye jou enskripsyonn òdonans sa a pèmisyon pou enpòte farin ak pen ki te ratifye pa òdonans 31 Mwa mas nan 1789, ki ta dwe rive a tèm 30 Jen pwochen, ap rete an vigè eksklizivman jiska premye Oktòb pwochen.

Atik 2 : An nou pèmèt amatè, pwopriyetè ak kapiten bato etranje yo fè apwovizyònman danre kolonyal sèlman pou menm kantite farin yo te pote nan koloni an.

Atik 3 : kòm desizyon nan atik 2 a pa te rantre an vigè nan menm lè ak òdonans 31 mas 1789 la, alèkile, li pral rantre anaksyon nan menm dat anrejistreman nouvo òdonans sa a.

Atik 4 : Bato etranje yo pral sikonbe anba menm enpo lokal yo. Anplis de sa, yo ap paye enpo oksidantal la pou danre yo ap ekspòte yo. Epi, menjan ak bato fransè yo, yon fwa yo rive lafrans yo ap gen pou yo peye pou empòtasyo danre kolonial tou.

Atik 5 : Kolektè enpo yo ap kontinye ramase enpo sa yo sou baz atik 4 la, epi yo ap gen responsabilite pou yo voye sòm lajan yo ranmase yo bay kolektè minisipal koloni an. Yo ap gen pou yo fè sa pwoviswaman jiskaske nou pase yon lòt òdonans.

Atik 6 : Imedyatman aprè kapitèn bato yo kochete nan yonn nan pò amiral yo, kapitèn bato etranje yo ap gen pou yo deklare kagezon farin yo pote yo. Premyeman devan grefye tribinal amiral yo. Answit devan reprezantatè nou yo. Epi, lè yo pral deplase nan pò sa yo, yo ap gen pou yo fè yon lòt deklarasyon konsènan tout machandiz kolonyal ke yo ap ekspòte yo. Daprè machandiz sa yo, kapitèn yo ap resevwa lòd pou enspeksyon abò bato sa yo swa pa ofisye amiral yo, oswa pa reprezantan nou yo po rasire ke deklarasyon yo jis. Epi, sizoka kapitèn bato sa yo ta gen kontravansyon oswa yo ta komèt fròd, [enspektè a] ap denonse bato yo bay ofisye amiral yo epi yo ap  konfiske bato sa yo ak tout kagezon yo pou benefis majeste a.

Atik 7 : Nan zòn kote ki gen biro  enpo yo, kapitèn bato yo ap sikonbe anba yon twazyèm deklarasyon. Epi ajan biwo yo ap kapab enspekte bato sa yo epi denonse yo tou si sa nesesè, sou baz rekòmandasyon atik 6 la. 

Atik 8 : Anplis, tout dispozisyon nan òdonans 31 mwa mas 1789 nou te pwopaje a ap anvigè sou tout pwen nouvo òdonans sa pa kontredi. Menm jan an tou, nou pa gen entensyon kontredi oken dispozisyon nan òdonans dat 9 mai 1789 la, ki te anregistre nan kosèy siperyè zile Sendomeng nan onzyèm jou nan menm mwa. Li ap anvigè antyèman, eksepte sa ki ekri nan atik 3 nouvo òdonans sa a. 

Nouvo òdonans sa a ap anrejistre nan biwo grefye endepandans lan.

Mesye an nou priye tout ofisye Konsèy Siperyè Sendomeng yo pou yo anrejistre òdonans sa a avek grèfye yo, enprime li epi afiche li tout kote ki nesesè. Epi, an nou mande tout ofisye jiridiksyon yo, pou yo rasire yo de aplikasyon òdonans lan.

Prezante nan Pòtoprens ak so anblèm nasyonal nou kòakòt ak sinyati sekretè nou an nan dat 27 mwa me 1789.

Siyen : Du Chilleau.

[1] Twa vil prensipal sa yo se Kap Fransè, Pòtoprens ak Okay, epi pwen entèseksyon yo se zòn riral ant twa rejyon sa yo. Souvan, tèm « twa kapital » la itilize pou fè referans ak twa vil sa yo. 

[2] Lwa eksklizif la sèlman pèmèt pou komèsan fransè yo enpòte farin nan koloni yo. Nan òdonans sa a, Du Chilleau ap fè referans ak bato ameriken ki enpòte yon ti kantite farin ki apenn sifi pou soutni vil prensipal kote ki gen rate pen. Si òdonans la ta rangtre an nvigè, farin etranje a te ap yon mezi ki akseptable pou evite plis rate. 

[3] Òdonans dat 31 mwa mas la ta dwe perime na mwa jen 1789, men li pral perime nan premye oktòb 1789.