REKÈT DEPITE ZILE SENDOMENG YO TE PREZANTE DEVAN MANM ETA JENERAL WAYÒM NAN, NAN 8 JEN 1789. 

8 jen 1789

Tandiske depi lontan zile Sendomeng te konsidere tankou l te fè pati lanpi fransè a, nan lane 1789, 10 depite kolonyal sendomeng yo te santi yo separe avek metwopòl kolonyal la. Franchman, anpil kolon te gen dezi pou yo pran endepandans yo de metwopòl la. Men, endepandans sa t ap sinyifi Lafrans ta pral sikonbe Sendomeng anba tarif dwan ak taks ki pi rèd pou tout pwodwi ki empòte nan koloni a. Depite kolonyal yo fè pati de pwopryetè tè ki pi pisan nan Sendomeng tou, sa ki te bay yo privilèj pou yo dappiyanp enterè popilè pou yon ekonomi pi janm. Se pou sa, sou kouvèti enklizyon, depite yo te manifeste dezi pou yo patisipe nan nouvo asanble Eta Jeneral la, ak lide yo ta kapab tire kèk avantaj ekonomik. Kidonk, nan 8 jen 1789, preske yon mwa avan dechoukay Labastille, rekèt sa te prezente nan vil Paris devan asanble Eta-Jeneral Louis 15 la. 

Nan mwa avril 1789, Zile Lakòs te vin ofisyèlman yon pati Lafrans egzagonal e li te vin premye teritwa franse ‘lòt bò dlo’ ki konsidere tankou l te sitiye nan Lafrans menm. Nan novanm 1789, Lafrans te vin divize an 83[1] depatman. [2] Peyi Lakòs se te sèl depatman ki te enkli men ki pa t fè pati kontinan Ewòp la. Enklizyon Lakòs la kòze depite Sendomeng yo anpil enkyetid paske yo gen dezi pou zile a ta gen menm avantaj ekonomik ak Lakòs ; anplis de sa, yo ta renmen pou sitwayen yo ta vin genyen nasyonalite franse.

[1] Apati de 2014, Lafrans konpoze de 96 depatman, ansanm ak senk depatman lòt bò dlo nan Karayib la ak nan Oseyan Indiyen an

[2] 30 novan 1789. Décret portant que l’isle de la Corse fait partie de l’empire français ; sanctionné au mois de janvier 1790

Original
(Requête présentée aux États-Généraux du royaume, le 8 juin 1789, par les députés de l’Isle de Saint-Domingue)


Want to get involved? Help clean up the French text.

Pou manm Etat-Jeneral yo,  

Mèsye,  

Nan yon moman kote, pou fòtin Lafrans, sena peyi a finalman egziste, yonn nan pi gran, pètèt menm sa k gen plis pouvwa a e san dout pwovens ki pi pwodiktif nan tout Lanpi a pral sispann pou yon moman, deliberasyon enpòtan Eta-Jeneral la pou l kapab dirige atensyon tout papa patri a sou reprezentan yo. 

Nòb reprezantan 24 milyon moun yo, apenn yo repran yo de 

sezisman ki te egzije yon rankon sanzatann, pandan kè yo te tou ouvè sou tout bon sensasyon fratènite prodwi, pa t kapab realize ak yon sèl koudèy ke tout fanmi an pat reyini. Yon veritè yo pral konprann klè lè yo wè frè yo, reprezantan koloni 

franse yo pa chita prè yo.

Nan tout zile yo, depi dènye eta yo te agradi teritwa Lafrans atravè lanmè a, sèl Lakòs ki gen chans pou l te jwen pèmisyon pou l te rantre nan sanktyè nasyon an. Jistis Lakòs resevwa a, se yon garanti senten de jistis ke [Lafrans] pa ka refize lòt zile sè [Lakòs] yo.

 Se a zile ki pi ansyèn nan tout zile yo, se a sila ki etale pi laj la, se a sa ki pi enpòtan dapre popilasyon l, aktivite komèsyal li, enfliyans politik li, finalman, se a sa ki, san pretansyon, kapab di l se Kapital tout lòt koloni yo revni dwa pou l prezante l an premye devan tribinal souveren anpi a pou l reklame onorab egzèsis de yon dwa meprize ki atache avek onè ak bonè abitan l yo

Mesye, se sou rapò sa a, Sendomeng, san l pa t janm konki, san l pa t janm kaptire, oparanvan endepandan e franse ak tout volonte l, pote jodi a ofrande respè l bay nasyon franse a, yon omaj li fè paske Lafrans te manifeste menm jan de santiman yo anvè Sendomeng plis pase yon syèk edmi avan atravè aksyon Louis-le-Grand [1]. 

Pou depite sa yo ke lanmè, tanpète ak yon distans 2000 [anviron 8 mil kilomèt] lig te sèlman vin ran misyon andyozaj ki ta sipoze rapwoche yo de Eta-Jeneral la pi presye, an konesans de fonksyon preliminè l, pou yo ka resevwa de enpasyalite l [Eta-Jeneral] yon moman atensyon ke yo pa t ap janm abize. 

Nan pozisyon eleve kote vòt nasyon an plase chak grenn nan nou [manm Eta-Jeneral], eseye voye je nou andeyo Wayòm nan. Travèse lanmè a, konstate gwo peyi nou reprezante a : nan yon espas 200 lig (anviron 800 kilomèt) litoral ki kouvri ak prodwi ki pi rich yo. Konte 3 kapital yo, [2] swasant vil oswa site, sis mil plantasyon ki tankou vilaj ; Note san karant mil tèt franse ki mete yon milyon bra afriken nan travo fòse [3] ; Note kijan nou chofe komès e nou ankouraje navigasyon, 20 mil matlo nou anplwaye, gade 600 milyon nou prodwi chak ane; [4]. Note chak ane 500 bato franse ranpli ak danre nou yo kap siyonnen lanmè toupatou pou apwovizyonen mache nan Ewòp, Afrik ak Azi. Note nan tan lagè, tout byen nou, moun nou yo se premye viktim lenmi a. Gade nou nan moman sa, nou se premye defansè Leta ; Gade sou yon tè destriktè tout jou nou yo ap pase, lwen yon Wa ki gen anpil bonte, sou lanpi direk abi ak pouvwa abitrè ke wa a deteste e ki ap oprese nou. Frape pa realite tablo sa, tanpri aprè konsiderasyon ak egzaminasyon pouvwa nou, tit nou ak dwa nou pou w kapab bannou plas ke nati jis wou ap motive w pou bay Sendomeng, nan gran asanble familyal aktyèl la.[5]

Vwala, mèsye, rekèt nòb ak fratènèl ke yon gro provens chage depute l yo pou yo soumèt Asanble Respektab Nasyon an. Yo ap tann avek enpasyans, trankilite ak konfians solisyon yon demach ke rezilta l pral ranfòse       pou tout tan lyen sere sere ki      ta dwe ini entiman Koloni yo ak Metwopòl lapou bonè Lanpi a .

Sinyen avek respè ak amitye,

Mèsye,

Frè w yo, pitit ou yo 

[1] Wa Louis 15, ki te gen ti non jwèt « Wa Solèy la »

[2] Twa kapital yo te pote non twa “pwovens” tou – Pwovens nan nò a ozalantou Kap Franse, plenn santral la, ak pati nan sidwès touprè – ki genyen ladan li twa nan « senk inite kolonyal » nan karayib la. Dubois, Laurent. A Colony of Citizens: Revolution and Slave Emancipation in the French Caribbean, 1787-1804. Chapel Hill: University of North Carolina Press, 2004. pp 50.

[3] Nan epòk sa a, estimasyon popilasyon esklav nan Sendomeng te anviron 500,000 esklav afriken. Nimero sa te pran an konsiderasyon lefèt ke chak gren esklav te gen 2 bra.

[4] Sa a se yon montan lajan ki parèt souvan nan anpil nan bwochi yo. Li reprezante kantite lajan koloni a rantre chak lane. Li trè probab ke chif Sisan milyon an te konte an liv. Liv la se non lajan Lafrans nan epòk sa a. Men montan sa te repete plizyè fwa nan diskisyon sou yon evantyèl pèt [koloni] Sendomeng la pandan Revolisyon Ayisyèn nan. 

[5] Pandan ke depite yo ak anpil nan kolonis ki ap viv nan Ammerik la dezire plis otonomi, rekèt sa a se pou yo rantre anba labanyè Lanpi Franse a yon fason pou wayote a kapab responsab tout frè abitrè yo peye nan tranzaksyon yo ak komèsan franse yo. Si pou Sendomeng ta gen pou l vin genyen menm stati ak Lakòs komèsan kolonial yo pa t ap peye taks menmjan ak yon teritwa etranje ankò, epi yo t ap benefisye de trazaksyon direk ak antrepriz kapitalis egzagonal yo.