REKÈT M. DE COCHEREL, DEPITE SENDOMENG, NAN SEYANS SAMDI SWA, NAN 29 MWA DAWOUT 1789.

Kreyòl Kreyòl

 

29 mwa dawout, 1789

M. de Cocherel, nan rekèt ofisyel devan asanble nasyonal la nan aswè 29 mwa dawout la, deklare li pa kapab kontinye rete san li pa fè anyen pandan asanble ya kontinye ap fèmen je l sou grangou ki anvayi koloni Sendomeng lan. Cocherel ekri yon mwa edmi aprè anvayisman La Bastille (14 jiyè, 1789). Avèk anpil respè li rekonèt difikilte konpatriyot li yo dwe t ap rankontre nan Paris ta ka eksplike pou kisa yo pa te voye okenn sereyal nan koloni yo.[1] Toutfwa, lè a rive pou depite Sendomeng yo, sou kòmand M. Cocherel, pran desisyon pou tèt yo. San yo pa rete tan dirijan ki sou tèt yo, yo plede kòz yo direkteman devan asanble a.

Nan lè sa a, koze sou kanti sereyal ki te disponib pat sèlman yon pwoblèm nan koloni yo. Revolisyon lafrans la te sekwe tout sektè nan sosyete fransè a san eksepsyon, endistri sereyal la pa t epanye.[2] Nan lafrans te gen anpil gwo deba konsènan etablisman rezo echanj ak Angletè pou bay nasyon an sereyal akòz revolisyon an te frenen kòmès nan Sendomeng anpil. Epoutan, jan Cocherel te montre li a, koloni yo soufri soukous revolisyon an pi fò pase lafrans nan koze enpòtasyon sereyal la. Malgre Cocherel apiye revandikasyon li yo ak dokiman konsènan blokaj ekspòtasyon sereyal ki sòti lafrans, diskou li a te egzajereman sònb e li kòze laperèz. Yon moun ta ka li rekèt Cocherel la de fason, tankou yon petisyon pou asanble nasyonal la ta rekonèt moun rich ki abite nan Sendomeng kòm sitwayen fransè ak yon trete ekonomik kont jan lafrans akapare aktivite komès ant limenm ak koloni l yo.

[1] Se infòmasyon Cocherel te ekstrè endirekteman nan kèk konvèsasyon avek gòvènè Sendomeng lan, le Marquis Marie-Charles du Chilleau.

[2] Pou plis lekti wè : “Une épisode de l’approvisionnement de Paris en 1789” and prior to the Revolution, Sur la législation et le commerce des grains: quatrième édition. Paris: Chez Pissot 1776.


 

Orijinal:
(Motion de M. de Cocherel, député de S. Domingue, A la séance du samedi 29 Août 1789, au soir)


Want to get involved? Help clean up the French text.

Tradiksyon:

Mèsye,

Jiska kounyeya, depite sendomeng yo tande tout dekrè w yo avèk yon silans reveransyel ; yo pat penmèt yo po yo te intèromp travay di san rete w tap fè; yo pat abize tan presye w : men jounen jodi a nesesite fòse yo pou yo fè tande vwa yo, e pou yo reklame de bon kè manm asamble nasyonal yo sekou rapid pou zile sendomeng ke grangou, kalamite pi kriyel ki egziste, ap devaste jounen jodi a.

Le Marquis du Chilleau, Gòvènè jeneral Sendomeng nan, yon fwa l te aprann pozisyon katastrofik lafrans lan e li te konprann, nan bon sans li, desizyion lafrans te pran po l te anile ekspòtasyon farin franse nan koloni l yo.  Nòmalman li te pè [krintif], ak dekwa, vèdik paleman Bordeaux a, se sa k fè li te kwè ke l te oblije pran sou responsablite l pou l te pase yon lwa proviswa, jiska mwa oktòb nan men ane ya, ki te otorize Etazini pou li enpòte kek farin nan tout pò ki te sou kontwòl marechal franse yo nan zile Sendomeng, menm kote bato fransè yo konn al debake kagezon yo.

Ebyen! mesye, M. le Comte de La Luzerne, minis la marinn nan, te blame prevwayans saj  M. Marquis de Chilleau a. Òdonans sa a ki te tèlman nesesè pou koloni an, te aboli, e bon gòvènè ya fenk aprann sa.

Depite Sendomeng yo te fè yon bann prezantasyon initil sou sijè sa a devan minis depatman yo a. Se pou granmèsi yo te eseye fe l wè gwo danje ki gen nan grangou malè pandye sa a. Pou granmèsi yo te pentire ba li pòtre dezespwa efreyan sa a ; pou granmèsi yo te mande sekou pouvwa ekzekitif la pou li te frennen pwoblem sa a ; pou granmèsi yo te reklame wa a pou l ratifi òdonans M. Marquis de Chilleau te pase a kòm M. de La Luzerne te fèmen zòrye li sou reklamasyon jis yo.[1] Li te refize sekou imanitè la lwa natirèl te kòmande l ak tout fòs ; li agi a lankont law fò sa a. Li ranfòse law abitrè ki kondane koloni yo a dizèt, menm lè komès fransè pa kab bay koloni yo prodwi nesesè pou yo sivi.[2]

Mesye san ou ta fremi, si m te gen ase tan pou m te rakonte w tout detay malè nou. Men ou pap tan tout detay sa yo pou ou sove sitoyen frè w yo anba laperèz kalami sa a ki ap dekonstonbre yo.

Ou ta òdone sekou pwovizwa rapid lèzetazini ofri nou yo. Rakousi tan an nan sajès ou. Reflechi sou bezwen nou, pran yon ti tan pou panse a malè nou, epi bliye, omwen nan moman kalamite sa a, jan lwa indiyan ak opresif pwoyibasyon konsènen pwodwi premye nesesite yo rèd.

Mèsye, ranvwaye pou yon lòt lè, si nou vle, diskisyon ki nan baz kesyon enpòtan sa a. Men kòmande pwovizwaman ke inpòtasyon farin amerik yo ap antre lib nan tout pò nan Sendomeng ki sou kontròl marechal franse e menm nan pò tout koloni fransè yo, pandan 6 mwa, ki ap gen pou yo kòmanse a pati de jou piblikasyon ak anregistreman dekrè pwovizwa w la nan souveren konsèy Sendomeng lan. (1.)

  1. […] Yè M. l’évêque de Langres, te eksprime dezi pou l pat debat sou move kondisyon yon gro zile, ki nan dizèt avan li te konsidere konsèy administratè a, sa ki vle di, konsèy frè l, M. le Comte De La Luzerne, minis lamarin lan.[3] Dezi sa a, mwen di, fè soupsonnen yon rezistans kryèl lakay li : li ap fasil pou depite Sendomeng yo demontre Asanble Nasyonal la ke sistèm admisistrasyon sa a, ki an favè lwa pwoyibitif yo, se sèlman yon lòt mwayen kontwòl monopolize, sèlman ki ankouraje lavaris ak pèmèt dizèt kontinye nan yon peyi ki gen 250 rivaj.

[…]

[1] Konsantrasyon toujou sou orijinal la.

[2] Dekrè orijinal la te fèt 31 mas, 1789, li te sipose antre an aplikasyon nan landemen, premye avril. Lwa pwoyibasyon pote non « komès esklisif » tout. Pou plis enfòmasyon wè : Horan, Joseph. “The Colonial Famine Plot: Slavery, Free Trade, and Empire in the French Atlantic, 1763-1791.” International Review of Social History. 55 (2010): 103-121. 103-104.

[3] César-Henri de la Luzerne te sèvi kòm minis lamarin lafrans, tandiske frè l César-Guillaume te sèvi kòm pè katolik an Langres.  Li te popilè paske l te kont piblikasyon deklarasyon dwazimen ki te koumanse ap dekontwole (krake) komès esklav Atlantik la.

Author: Daphney Vastey