Tandiske depi lontan zile Sendomeng te konsidere tankou l te fè pati lanpi fransè a, nan lane 1789, 10 depite kolonyal sendomeng yo te santi yo separe avek metwopòl kolonyal la. Franchman, anpil kolon te gen dezi pou yo pran endepandans yo de metwopòl la. Men, endepandans sa t ap sinyifi Lafrans ta pral sikonbe Sendomeng anba tarif dwan ak taks ki pi rèd pou tout pwodwi ki empòte nan koloni a. Depite kolonyal yo fè pati de pwopryetè tè ki pi pisan nan Sendomeng tou, sa ki te bay yo privilèj pou yo fè dappiyanp sou enterè popilè pou yon ekonomi pi janm.