
9 Sektanm 1789
Presi sa a, oswa rezime, yo te voye bay komisyonè yo ke asanble nasyonal la te nomen pou y al egzaminen bezwen yo nan koloni an, eksplike ke efò sa yo se travay depite yo ak gouvènè oubyen majistra Sendomeng lan fè pou yo jwenn dispozisyon ki pi nesesè yo pou kenbe lavi yo nan plantasyon yo. Apre yo fin pase yon ti bout tan ap diskite sou tout bagay depite sa yo : M. le Comte de Reynaud avèk M. le Chevalier de Cocherel[1], te fè swa pa ekri oswa nan bouch, Gouy d’Arsy pwopoze kat (4) gwo kesyon pou komisyonè yo poze tèt yo pandan y ap analize reklamasyon depite yo : Ki sa ki bezwen yo nan Sendomeng ? Ki sa ki konsomasyon aktyèl yo nan farin? Ki valè farin ki sot nan lòt peyi ke zile a te resevwa pou ane sa a ? Ki eta aktyèl magazen [grenn] yo nan koloni an?
Anpil aspè nan rezime Gouy d’Arsy fè a parèt diferan ak tout sa kòlèg li yo, Reynaud ak Cocherel te mande : nan fason li te estriktire agiman li yo, lide li yo konsènan enplikasyon sosyal pou esklav yo, epi kalite agiman li prezante yo. Apre chak kesyon, Gouy d’Arsy bay yon eksplikasyon tout brèf oubyen “tout kout” sou enplikasyon chak plantè oubyen «kiltivatè » yo separeman, popilasyon esklav la, ak peyi Lafrans. Pou esklav yo, Gouy d’Arsy eksplike ke pen se yon bagay ki esansyèl « enpòtan » nan rejim alimantè esklav yo, paske li chanje fason yo konpòte yo « kalme » yo epi fè yo pi fasil pou jere.
Ansanm ak tout konklizyon sa yo, nan rezònman Gouy d’Arsy fè a menm, genyen yon lòt aspè ki entèresan anpil nan rezime li a, paske li pa imedyatman patisipe pou fè yon apèl emosyonèl ak Lafrans pou plis sipò ak enpòtasyon grenn « danre ». [2] Olye de sa, Gouy d’Arsy bay yon enfòmasyon- byen ke l gen anpil chans pou yo kòrèk nan lòd pou ranfòse agiman l yo soutni ke Sendomeng se yon koloni ki malnouri « ki pa byen manje » anba sipèvizyon Lafrans. Menm jan ak konpatriyòt li yo, Gouy d’Arsy blame machann franse yo, li deklare ke se yo ki responsab pou zafè manke grenn « danre » nan jaden yo nan Sendomeng osi byen pou grangou ki simaye toupatou nan peyi a.
[1] Pou plis enfòmasyon sou M. le Chevalier de Cocherel, gade Motion de Cocherel ak Horan, Joseph. pp 103-104.
[2] Konklizyon sa yo aliyen yo ansanm avèk Motion de Cocherel oswa « Mosyon Chochrel la » kote M. le Chevalier de Cocherel diskite ke kòmèsan oubyen « machann » franse yo ak ministè naval la « ministè lamarin lan» ap konspire ansanm kont koloni Sendomeng lan nan sans pou yo ogmante pwofi komèsyal yo.
(Précis remis par M. le Marquis de Gouy d’Arsy)
Want to get involved? Help clean up the French text.
Tradiksyon:
PRÉCIS « PRESI » oswa dokiman sa a soti nan men M. LE MARQUIS DE GOUY D’ARSY,
te renmèt li bay komisyonè sa yo ke Asanble Nasyonal la te voye egzamen yo te fè sou demann reprezantan yo nan koloni an te fè bò kote Asanble Nasyonal la, pou yo ka jwenn nan yon ti tan libète pou yo pwokire farin pou pwòp tèt pa yo, ke yo manke anpil.
[…]
Premye Kesyon
Ki sa ki bezwen yo nan Sendomeng?
Sa Koloni an vle depi lontan se, chanje lavi nèg yo, nan ba yo bon manje ki pou ba yo anpil fòs, paske pri farin frans lan moute, li vin pi chè epi tou, sa fè nou pa kapab ba yo li jis kounye a. Gen anpil dout ke nou ka wè nan tan k ap vini an anvi moun nou yo ka rive vre ; men, omwens, èske li endispansab e, absoliman nesesè pou nou anpeche atelye nou yo pou yon lòt fwa ankò pou yo tout leve kont opresyon yo, sechrès , ak lòt bezwen ankò. Yon sèl mwayen pou yo ta rive atenn objektif yo se ta posede, chak ane, yon barik farin frans pou chak nèg, e se sèl bagay nou t ap bezwen enpòte oubyen pran nan men lòt peyi etranje, ki t ap preske yon kantite de 400.000 barik farin frans.
Si yo te mete kantite sa sou kantite Blan yo itilize lakay yo chak ane, nou t ap bezwen anplis 150.000 barik farin.
Sa pwouve nou, tout bezwen Sendomeng genyen, e sa t ap prezante yon kantite ki t ap yon total de 550.000 barik farin (farin frans) chak ane.
Dezyèm Kesyon
Ki konsomasyon aktyèl la? (Ki kantite yo itilize kounye a ?)
Prèv egzat ki soti nan biwo lamarin yo te montre nou byen klè, ke komès la nan Lafrans pa pote plis ke sèlman 150,000 barik farin, chak ane nan Sendomeng. Kantite sa a se jis sa ki endispansableman nesesè ak sa Blan yo itilize anpatikilye, ak lopital yo ke y ap jere.
Sa se rezilta ki montre nou ke sa yo itilize pou chak ane, se aktyèlman yon total de 12,500 barik farin nan yon mwa, oswa 37,500 barik farin chak twa (3) mwa.
Twazyèm Kesyon
Ki enpòtasyon nan zafè farin Koloni an te resevwa ane sa a? oswa Ki kantite farin koloni an te resevwa nan men lòt peyi ane sa a ?
Lafrans te fè eksperyans ak anpil dezas nan zafè rekòt ane pase a, pat pèmèt komès la pote anpil farin frans nan Sendomeng, epi li pa t posib pou yo te kapab fè magazen oubyen estoke danre yo nan sis mwa ki sot pase yo nan ane 1788 lan: yo [note ?] te viv konsa chak jou, e pandan menm twa premye mwa yo nan lane 1789 lan te pase nan anpil enkyetid ki te fè anpil mal.
Nan dat 31 mas, Sendomeng te twouve l nan plis bezwen pase tout lòt lè yo, M. le Marquis du Chilleau, te mete l dakò avèk dekrè Konsèy 30 Dawout, 1784 la, te pase yon lòd ki te la, pou twa mwa, sou zafè biskwit (pen) yo ak farin peyi etranje yo, nan twa pò depo, ak dwa yo bay mèt oubyen pwopriyetè etranje yo pou chaje batiman yo, lè y ap retounen ak danre kolonyal yo.[1]
Lè sa a òdonans oubyen « lwa » sa a te pibliye, nan dat 7 avril, nou te gentan deja nan yon move dizèt « yon move moman grangou »: magazen nou yo te vid, bezwen nou yo te ijan anpil.
Sepandan, pou n ka satisfè bezwen ijan sa yo pandan twa mwa : avril, me, ak jen, fòk ta genyen yon kantite 37,500 barik farin frans.
Enben, Mesye yo, komès la nan Lafrans te rapòte nou sèlman 7,332, ki vle di, yon senkyèm pati nan sa nou ta bezwen an. Ki sak ta yon pwoblèm nan pozisyon nou an oubyen kisa ki tap rive nou, si peyi Etazini pat vini pote èd pou nou? Yo te vin pote pou n ankò yon kantite de 27.098 barik farin nan menm trimès la; Se konsa, avèk èd sa a, koloni an te resevwa yon total de 34.430; men li te bezwen yon kantite de 37,500 barik farin frans konsa.
Se sak fè tou, ke nou te manke 3,070 barik, ki vle di ke nou te pase sèt « 7 » jou san pen, epi nou te redwi nan lafen e sa te difisil pou nou, e ki te oblije nou diminye manje yo nan yon ka pandan dènye mwa yo.
2e. Si nou konsidere konsomasyon pou zòn Potoprens lan sèlman, nou rekonèt ke, mòd mwayen natif natal la, gouvènè a oubyen « majistra » a te pote pou nou yo, ak pwosèvèbal yo ki nan men Minis lan, ak sa moun yo te manje te yon valè de 300 barik farin chak jou; ki fè yon total de 9,000 barik farin chak mwa, oubyen 54.000 barik farin chak sis (6) mwa.
Enben, Mesye yo, komès la nan LaFrans, ki, olye pou l ban nou 54,000 barik farin frans, te ban nou sèlman 36,770 pandan sis premye mwa yo nan lane 1788, epi nou pa te fè plis pase sa tou, pandan sis premye mwa yo nan lane 1789, se sèlman 9,126, sètadi, yon ka nan sa nou ta dwe resevwa lane pase a, e se yon sizyèm nan tout sa nou te bezwen tout bon vre a.
Depatman Nò a « Okap » pat byen trete pase sa, e yo te bliye si depatman Sid la « Okay » te ekziste ankò.
Se sak fè, yon lòt fwa ankò, kòmèsan fransè yo te kite koloni an manke manje pou yo manje pandan senk (5) mwa annantye.
Katriyèm Kesyon
Ki eta aktyèl magazen yo nan koloni an ?
Nan diferan eta legalize oubyen « pa plizyè mwayen legal », M. le Marquis du Chilleau te pote, li te renmèt li men nan men bay Minis la, li rete :[2]
- Pati Pòtoprens lan pa te gen farin ankò pou yo manje, nan dat 7 jiyè pase a, nan zafè farin frans ki soti Lafrans yo, ni sak soti lòt peyi etranje yo tou, te gen farin pou yo manje, ke sèlman pandan onz « 11 » jou de sibstans.
- Pati Okap la « Kapayisyen » pat gen farin ankò pou yo manje, nan dat 17 jen an, ke pandan sis jou de sibstans.
- Pati Okay yo pa’t gen plis, ke kat barik farin antou pou yo manje, nan dat premye jiyè.
Sa a se rezilta ki soti, san yo pa replike , 1e. ke komès la nan Lafrans pa gen, prèske ase, pou apwovizyone koloni an ak tout gwo bezwen li yo; 2e. ke èd etranje yo, ke yo te rele pa òdonans 31 mas 1789 lan, te yo menm tou pat sifi pou konsomasyon òdinè nou yo.[3]
Kat « 4 » konklizyon sa yo, espesyalman dènye a, vin yon agiman irezistib an favè demann nou an.
[1] Desizyon an te gen ladan li lèt (dokiman) sa a. E menm òdonans la fè referans ak, pa M. le Chevalier de Cocherel nan Motion de Cocherel la.
[2] M. le Marquis du Chilleau se Gouvènè a « Majistra » nan Sendomeng e ‘Minis la’ se M. le Comte de la Luzerne, Minis Naval la « Minis lamarin » Lafrans lan.
[3] Louis XVI kraze Òdonans lan epi, “pase l anba pye l” nan mwa me 1789. Gade Arete Wa a.
Author: Pierre Malbranche