Repons Depite Pwodiksyon ak Komès Lafrans yo Bay Kosènan: Mosyon MM. de Cocherel & de Reynaud, de Depite nan Zile Sendomeng, a Asanble Nasyonal la

Kreyòl Kreyòl

 

Sa se repons depite Pwodiksyon ak Komès Lafrans yo. Repons sa a bay yon revizyon klè sou lejislasyon ki antoure dispit konsènan grenn nan 1789. Li pèmèt depite Komès yo, reprezantan konpayi agrikòl ak ekspòtatè lafrans yo, defann tèt yo kont akizasyon depite koloni yo ki di ke yo pèpetye grangou. Repons lan prezante de rezon prensipal ki eksplike poukisa depite kolonyal yo malreprezante aktivite komèsyal ak motif machann yo pandan tout ane 1789 la : premyeman, afektasyon grenn te ase pou kenbe sante fanmi an nan moun ki rete nan zile a, menm si 10 a 12 mil esklav grangou pou touye chak ane, ak dezyèm, ki mank de dispozisyon sèlman afekte popilasyon an blan – apeprè 10% an total nan popilasyon an. [1]

Nan dosye jiridik sa a, toulède « pwopozisyon » yo se preske menm. Premye pwopozisyon an sitou konsènen drèsman yon règ de viv pou popilasyon esklav nan plenn, nan zòn kotye ak nan mòn yo olye pou yo dokimante lavi plantè blan yo. Petèt aspè pi enteresan pou n konsidere a se jan depite komès yo te ap eseye atribye kèk abitid dyetetik a esklav yo selon kote yo ap viv, sa yo fè pou plantè blan yo tou.

[1] Pandan ke nou sèlman enkli rapò ak mosyon kèk depite kolonyal te fè, te gen yon efò kolektif kote tout depite sendomeng pou yo te konjire kontwòl ekonomik tout komèsan franse ak konpayi ekspòtasyon yo.

Klike pou koute anrejistreman tradiksyon an.

Audio recording produced by The Center for the Digital Humanities at Montclair State University.

Orijinal:
(Réponse des Députés des Manufactures et du Commerce de France : Aux Motions de MM. De Cocherel et de Reynaud, Députés de l’Isle de Saint Domingue à l’Assemblée Nationale.

Want to get involved? Help clean up the French text.

Tradiksyon:

[…]

Premye pwopozisyon.

Se pa vrè ke pa gen ase farin frans ki antre nan koloni Sendomeng e se sa ki ta kòz 10 jiska 12 mil moun nwa ap mouri grangou chak ane. Tou dabò, li enpòtan pou nou kòmanse ak kèk infòmasyon sou koloni Sendomeng lan.

Nan lane 1787 te genyen 24.192 blan ki te rete nan koloni Sendomeng ansanm avek 19.632 moun nwa lib (afranchi) ak 364.196 esklav. Depi lè sa a, popilasyon moun nwa yo vin pi plis. Nou panse nan moman n ap ekri a, popilasyon nwa yo ka gentan monte nan 400,000 moun.

Pami 400.000 nwa sa yo, gen 140.000 k ap kontwole izin sik yo, nou kwè ka gen 700 izin sik konsa.

Nou estime ka gen 150.000 moun ki ap travay nan jaden kafe ak jaden viv nan mòn yo; rès moun yo ap travay nan jaden koton, nan jaden digo, nan vil yo ak tout ti bouk yo; e nou gen kèk prèv ki fè nou kwè moun ki abite lavil yo ak nan ti bouk yo ka egal 30 oswa 35 mil moun konsa. Kòm nou pa genyen resansman detaye devan je nou, nou ka sèlman bay apwoksimasyon (valè apeprè), men nou kwè chif sa yo pwòch ak vrè chif yo.

Tout 150.000 moun nwa k ap kiltive kafe ak viv nan mòn yo gen viv agogo. Yo telman ampil, ke yo sèvi ak yon ti kras nan viv yo gen anplis yo pou yo ranpli mache nan lavil yo ak mache ki nan tout ti bouk yo. E sa pèmèt yo kòmanse yon bon komès cho ak moun nwa ki nan plenn yo, sa fè yo vin ap viv yon vi alèz nou pa abitye wè andeyò (nan mòn). Pa janm manke manje nan mòn yo, paske frechè klima a, kantite lapli ki tonbe toutan ak bon jan tè ki bay 5 a 6 rekòt chak ane kenbe moun sa yo byen nouri.

Sechrès kout ki pase yon lè konsa nan mòn yo pa fè gwo dega paske plizyè espès viv kab reziste sechrès e yo konsève tèt yo anba tè. Kèk nan plant sa yo se manyòk ak tayo, oswa chou Karayib, ki kapab rete nan tè pou plis pase yon ane, yanm kreyòl, ki konsève pou 6 mwa aprè l soti nan tè, ansanm ak diri, mayi, pwa ki kab al nan depo. Yo kiltive bannann nan ravin fon ki fè fre; lè sechrès, pye bannann yo pwodwi mwens, men se sèlman kantite bannann ki vin pipiti.

Nan vil provens yo, se sèlman sou tab moun blan nou wè pen; li toujou akonpanye ak anpil lot viv peyi a, se sa kreyòl yo souvan pi renmen manje pase pen ki soti nan Ewòp.[1] Pafwa yo sèvi l nan fèt esklav yo; men, yo selvi l yon lè konsa menm jan ak ti zwazo ra ki gen move gou ke moun rich nan peyi Ewòp konn sèvi sou tab yo pou yo ka montre se grannèg yo ye, pou yo fè arivis. Mèt abitasyon yo konn distribye li nan lopital yo, men ti kantite sa a tèlman piti, paske li pa nesesè, konsa yon plantasyon ki gen plis pase 200 esklav pa menm manje plis pase kat barik farin frans pou yon ane ankò. Anverite, lanati tèlman bay divès kalite manje nan zòn rich sa, ke l bay li ak moun tout laj, tout sèks, ansanm ak moun ki soufri tout maladi. Lanati bay moun ki an bon sante epi ki fò yo manyòk, pòmdetè, yanm kreyòl ak rasin chou karayib, moun ki pi frajil yo li bayo bannann, moun ki te pase gwo maladi yo lanati bay yo diri, farin mayi, plizyè milye espès pwa diferan ak legim. Pou n fini, lè w mete pen nan pami tout pwodwi sa yo, li ofri yon dènye mwayen pou moun manje, selon ki maladi yo fè e selon fòs yo.

Yon moun kapab remake nan vrè istwa sa a ke, nou menm mande jij nou yo ki te konn viv nan koloni Sendoming pou yo verifye l la, 150.000 Esklav k ap viv nan mòn yo pa bezwen manje –– e yo pa prèske manje farin ki sòti Ewop. Si nou sipoze kat barik farin ta sifi pou chak 200 esklav, konsomasyon anyèl la ta dwe 3,000 barik farin frans.

Rete 250,000 moun nwa, pami yo 30 a 35 mil ap viv nan lavil ak nan ti bouk yo: moun sa yo, kòm nou te deja montre l la, yo jwenn pwovizyon nan men esklav ki soti nan mòn yo; men, kòm nan tout sosyete, klas enferyè yo toujou ap eseye rive nan nivo klas siperyè yo, menm pa imitasyon, esklav domestik yo ak esklav travayè yo chèche imite gou blan yo; epi nou konfese konsomasyon pen pi plis pase nan mòn yo. Nou ka sipoze ke kantite farin esklav yo manje a ta kab egal ak menm kantite farin 4000 blan ta ka manje si yo te manje pen sèlman.[2]

[…]

konsa, manje ki pi fasil pou prepare a, ki pi bon pou lasante e ki pi konvenab la, paske lanati, bon koseyè ke l ye, deside l pou li bay peyi cho yo manje sa[3], pri l toujou prèske menm ak pri li ye nan peyi Lafrans.

215.000 Esklav ki travay nan izin sik, plantasyon koton ak plantasyon digo yo, yon estimasyon egzajere de yon barik farin frans mwayèn pou chak 15 esklav, manje 14.333 barik farin frans chak ane.

Rete 19,632[4] moun nwa lib.

Moun nwa sa yo, eksepte yon ti kantite ladan yo ki afè yo bon e ki abite nan vil yo, yo tout manje viv peyi a. Gou yo, abitid yo fè yo atache ak manje sen sa yo ke pèson pap kab fè yo abandone fasilman. Abitid sa yo se kèk nan regrè ke yo genyen lè yo andeyo peyi yo. Men, nou vle ranfòse kalkil nou yo e nou estime ke kantite farin frans moun nwa lib yo manje, ta kapab reprezante 4000 blan ki manje pen selman.

[…]

[1] Nan pasaj sa a, tèm kreyòl la refere a moun ki se desandan Ewopeyen ki fèt nan Amerik yo e li pa nesesèman vle di melanj ras diferan, men li pran an kont koutim ak kèk atitid kiltirèl ke moun ki se desandan Ewopeyen yo gendwa pa t pratike.

[2] Dapre Moreau de Saint-Méry, depann de orijin yo, esklav yo gen manje patikilye yo prefere, menm jan yo te rive ak relijyon oswa koutim diferan nan peyi Amerik yo. Pa egzanp, esklav ki te soti nan Senegal yo viv byen de manje mayi ak diri, tandiske yo te bay Kongolè ti non jwèt “Congo mangé banane” [Kongo, Manjè bannann] paske dapre sak te di de yo yo te pito manyòk ak bannann. Pa gen anpil detay sou manje kreyòl yo te renmen – aparamman menm jan ak konbinezon engredyan yo te itilize yo, Saint-Méry pa t konnen resèt yo nonplis. Sepandan, Saint-Méry konstate ke fanm kreyòl yo te repite pou manje chokola, bagay sikre, bwè kafe a lèt ak limonad maje ki te fè pati rejim malsen yo a.

[3] esklav ki te sòti nan Côte de l’Or (peyi Gana modèn) ki se esklav ki pi djanm nan tou afrik la, prensipalman manje diri. [nòt anba paj orijinal]’

[4] Deskripsyon popilasyon Sendomeng la nan 1786 sèlman pale de 16.992 moun nwa lib. Nou pi pito deskripsyon 1787 la, ki montre 19.632 moun nwa lib, paske nou te vle pou evite reproch ke nou te redwi baz kalkil nou an. [nòt anba paj orijinal]

Author: Daphney Vastey