
“Repons kout” depite kolonyal Sendomeng yo voye a se yon reyaksyon a yon rapò machann Franse yo te pibliye ki montre kantite grenn, pami lòt pwodwi alimantè ki nesesè pou nouri tout moun nan lanpi a. [1] Depite kolonyal yo vekse pou pri chè ak tikal kantite farin ak grenn ki distribiye nan koloni Sendomeng, e nan repons yo a yo eksprime dezi pou yo sòti anba kontròl komèsyal lafranse an favè pi bon relasyon ekonomik ak Etazini. Sa a se selman yon ti pòsyon nan yon diskisyon ekonomik e moral ant depite kolonyal yo ak machann franse yo, men li enpòtan paske li montre yon monan kote te gen konvèsasyon ant de pati ki te nan komès ansanm yo ak yon potansyèl twazyèm pati, Etazini.
Nan yon fason ekstrèmman konvansyonèl, repons lan kòmanse pa fè twa deklarasyon prensipal ki sèvi pou pwouve pouvwa komèsan yo ilegal, abitrè, e malonèt. Nan yon sans trè jeneral, repons lan chèche pwouve ke komèsan yo manipile pwa barik farin yo e yo ajiste pri pen ak grenn yo tou pou vòlè lajan Sendomeng. Depite kolonyal yo fè konnen akòz pouvwa ekstrèm machann yo genyen, yo ap ede pèpetye grangou toupatou nan koloni an epi yo ap demantibile richès ak enfliyans plantè yo.[2] Depite yo souligne ke lè machann yo ajiste pri grenn oswa diminye pwovisyon Sendomeng, yo pa sèlman blese richès monetè koloni an, men pwòp richès pa yo tou, akòz kantite esklav travayè k ap mouri grangou.[3]
Nan dezyèm pati repons lan, depite yo prezante e yo kòmante sou kat diferan solisyon machann franse yo ofri pou apwoprye ak distribye farin nan Sendomeng. Eleman kle ke yo bay konsiderasyon yo se taksasyon, aksè a pò sekirize, ak echanj ilegal danre alimentè, tankou sik ak kafe pou farin frans. Nan dènye pasaj tradwi ki anba paj la, depite yo eseye prezente komèsan yo kòm biznisman apach ki neglije bezwen Sendomeng an favè enterè pa yo. Diskou akizatè depite yo eseye revele nati pwoblematik de swadizan dekoneksyon ki ekziste ant koloni ak metwòpol.
[1] Mémoire sur le commerce de la France et de ses colonies. Paj 20
[2] Tout depite kolonyal yo te plizoumwen rich plantè nan manyè pa yo, e yo te klèman ap plede nan pwop interè pa yo. Pou plis infòmasyon tyeke: Horan, Joseph. “The Colonial Famine Plot: Slavery, Free Trade, and Empire in the French Atlantic, 1763-1791.” International Review of Social History. 55 (2010): 103-121. 103-104.
[3] Horan note ke depite yo t ap eseye mete responsabilite lamò esklav yo sou do machann yo akòz li penmèt yo plede kont monololizasyon kòmès lafrans. Pou plis infòmasyon sou malnitrisyon esklav yo tyeke James, CLR. The Black Jacobins: Toussaint L’Ouverture and the San Domingo Revolution. New York: Vintage, 1963.
Klike pou koute anrejistreman tradiksyon an.
(Réponse succinte [sic] des députés de S. Domingue, au mémoire des commerçans [sic] des ports de mer, distribué dans les bureaux de l’Assemblée Nationale, le 9 octobre 1789)
Want to get involved? Help clean up the French text.
Tradiksyon:
[…]
Konsènan dènye lide ke komèsan yo prezante nan dokiman yo a, desankarantmil (240,000) barik farin ke yo kwè ki ta sipoze ase pwovizyion pou tout koloni yo pa menm sifi pou vennsimilyon (26,000) moun manje pou plis ke yon jou edmi. Lide sa a apiye konsta ke yonn nan kolèg nou yo te fè, ki te bay prèv ke l pa nan interè metwopòl la (Lafrans) pou l vann farin nan koloni yo sèlman.[1]
Epitou, si Lafrans ta genyen kantite farin ke l ta bezwen pou tout yon lanne nan yon jou edmi ti kal pwovizyon sa a pa tap nan avantaj li e lè l rete san farin frans pou l ka sipòte lwa entèdiksyon yo li fè farin nan vin pi chè pou plantè yo, sa ki vin oblije yo peye farin nan de fwa lavalè l. Gen de lè, yo menm rete san farin tankou nan ka nou ye kounye a.
Komèsan yo toujou vle fè ti pwovizyon fòse sa, ki tou pa menm ase a parèt tankou yon sakrifis ke yo te fè pou frè yo, zanmi yo, fransè yo : se pa ti bèl sakrifis! Lè ou fè yo peye yon pwodui premye nesesite de fwa lavalè yo ta ka achte l nan men yon lòt peyi, nenpòt lè yo ta vle e nan kantite yo ta bezwen pou nouri tèt yo ak esklav yo. Gran manjè, aloufa… Se pa ti sakrifis.
Pou kounye a, sa ki rete pou nou fè se reponn a yon pati nan lèt M. de la Luzerne te ekri M. komisè komite agrikilti ak komès la nan 24 mwa sa. Minis sa toujou ap pale de twa pò ki gen depo pou resevwa farin etranje yo tankou yo ta sifi ; li menm di, si asamble nasyonal la ta vle, li t ap fasil pou ouvri tout pò ki sou kontròl ofisye lamarin yo. Men li pa janm pale konsènan ki jan y ap troke farin sa yo pou viv.
Nou pwouve deja ke twa pò ki gen depo farin yo pat sifi, nou te montre tou ke machann yo te dechèpye katye lwen yo. Menm machann sa yo ke Ameriken ak Anglè yo te oblige vann yo tout farin ke pò ki gen depo yo pat kapab achte; lè fini tou, depi avan fin mwa jen etrange yo te sispann enpòte farin frans nan koloni a paske lè yo te fin depanse tout lajan an, yo pat gen okenn jan pou yo te pote pwodui kago yo. Afè pou yo bayo papye pou yo vin touche nan ennan komèsan yo propoze a, se yon blag, jan nou te montre deja.
Moun Anglo-Ameriken yo pap janm ale nan okenn lot pò ki gen ofisye lamarin andan l, apa twa pò ki gen depo yo, tout otan yo pa gen libète pou yo achte viv pou menm kantite lajan ak kago farin frans yo a.
Kòm yo te kampe òdonans 29 me a ke M. de la Lucerne te pretan ke koloni an te gen dwa kontinye jwi jiska premye nan mwa oktòb la epi kòm yo te pibliye anons la nan jounal 23 jiyè a, Ameriken yo tap sispann ame tèt yo kou yo ta enfòme yo de enfraksyon sa.
Depite Sedomeng yo
[1] komès eksklisif la se yon lwa politik etabli pou pwoteje dwa komèsan franse yo pou yo van farin nan koloni yo. Daprè kiltivatè yo, li pèmèt dominasyon e l mete kiltivatè koloni yo alamèsi tout tentendad plan mèkantilis yo (moun ki gen plan pou yo vin rich vit). Lwa sa entèdi komès ak lèzetazini ak lòt peyi k kapab enpòte ak ekspòte pwodwi. Verifie nan Horan, paj 103-121.
Author: Daphney Vastey