
23 jiyè, 1789
Desizyon konsèy deta wa a pran an anile òdonans Marquis du Chilleau a te pase nan 27 mwa me a, ki te otorize boukantay enpòtasyon sereyal ak pwovizyon etranje nan Sendomeng pou pwodwi kolonyal, eksepte kann ak kafe. Lè l entèvni nan sitiyasyon Sendomeng lan, wa Louis XVI agrave relasyon malouk ki deja ekziste ant metwopòl la ak koloni Karayib li a. Desizyon sa a mande kontwòl sevè sou komès ant Sendomeng ak lot peyi etranje (sa vle di lèzetazini); li pèmèt aksè nan sèlman twa pò nan Sendomeng ki sou kontwòl marechal. Pou yo te kapab achte machandiz etranje, plantè Sendomeng yo te gen pèmisyon pou yo twoke kèk pwodwi ki te otorize (pwodwi ki te fèt pandan pwodiksyon sik), eksepte sik ak kafe.
Dokiman an site kèk ansyen lejislasyon sou pwoblèm enpòtasyon sereyal nan koloni yo, tankou desizyon asenble a te pran nan 30 mwa dawout nan lane 1784, ki sipòte tout lwa esklizif sou komès etranje.[1] Jijman wa chanje lwa esklizif yo, li pèmèt lavant kèk pwodwi kolonyal ak lòt peyi. Depite kolonyal nan Sendomeng yo kwè ke jijman an te twò nan favè machann franse yo, akòz kèk restriksyon li kreye. Tankou kantite enpòtasyon l pèmèt, kijan peman dwe fèt, menm pèmisyon pou itilizasyon pò ki disponib. Malgre jijman konsèy deta a ka sanble li enpasyal, dokiman sa a montre kolon Sendomeng yo ke evènman alaman an Frans yo [dat jijman an te 9 jou apre anvayisman La Bastille] pat chanje konviksyon monaki a ke l sipòte gen sèl kontwol komès kolonyal la. Sa a te kab parèt tankou l se ranfò pou kolon yo ki deja kwè li nesesè pou yo voye delege nan nouvo Asanble Nasyonal nan Paris a pou yo ka sèten nouvo fason panse yo reprezante. Sepandan, sa te leve kesyon difisil konsènan definisyon sitwayènte kolonyal, sa ki debouche sou yon pawòl anpil pou deside si définisyon an dwe fèt selon koulè oswa ras. Deba sa a te finalman deklanche yon lagè sivil nan Sendomeng ant blan ak moun nwa lib nan lanè 1791.
[1] Lwa esklizif yo te rele ‘lois exsclusives,’ ‘l’exclusif,’ oswa ‘lois prohibitives’ an franse, se sèlman konpayi franse nan koloni yo ke yo pèmèt fe komès ak peyi etranje. Sa te pèmèt komèsan franse yo gen anpil lajan ak prestij nan lafrans.
(Arrêt du Conseil d’État du Roi, portant cassation d’une Ordonnance de M. le Marquis du Chilleau, Gouverneur, Lieutenant général de Saint-Domingue, du 27 Mai dernier concernant l’introduction des farines Étrangères)
Want to get involved? Help clean up the French text.
Tradiksyon:
Nan 23 jiyè, 1789
Ekstrè nan achiv konsèy deta wa a.
Pandan rankont kosèy deta a, wa a te resevwa yon lòt fwa ankò òdonans ki te pase nan 27 mwa me pase a sou non administratè Sendomeng yo, avèk sèl siyati M. du Chilleau, Gouvènè Jeneral. Anrejistre nan 29 menm mwa a nan achiv Konsèy Siperyè koloni a, òdonans sa pwolonje jiska premye oktòb menm lane a pèmisyon pou enpòtasyon biswit ak farin etranje ki te ratifie nan òdonans 31 mwa mas la ki te anrejistre nan menm Konsye Siperyè sa a premye avril. Majeste a rekonèt, endepadaman de pwolonjman dat sikonstans [ratman manje nan koloni a] te ran nesesè, menm òdonans 27 mwa me dènye a te otorize enpòtasyon farin ak biskwit etranje nan tout pò sou kontwòl kòmandan lamarin yo, e li pèmèt ekspòtasyon machandiz kolonyal pou menm valè lajan ak farin ak biskwit enpòte yo, sak kòz afeblisman lwa pwoyibitif yo ak tout kondisyon nan dekrè 30 mwa dawout 1784 la ansam avèk nan depèch 13 mwa novanm la, kote majeste a te òdonen sekrete lamarin la pou li te fè sikile desizyon sa a alawonnbadè bay administratè kolonyal yo ki ta vle prete atansyon ak rapò sa. Aprè li fin tande rapò a; wa a pwofite prezans li nan Konsèy li a, pou li te anile Òdonans 27 mwa me a, dèske li otorize enpòtasyon biskwit ak kèk farin etranje nan tout pò sou kontwòl kòmandan lamarin Sendomeng yo anplis li pèmèt ekspòtasyon danre kolonyal yo an echanj angiz lajan. Majeste a òdè pou yo pa distribiye manje ki te mansyonnen yo pazavan premye oktòb pwochenn. Se sèlman nan twa pò depo yo bato franse oswa etranje yo ta dwe debake sèl machandiz ak danre mansyonnen nan atik 3 nan Dekrè Konsèy 30 mwa dowout 1784 la, yon dekrè yo dwe ekzekite alalèt. Dekrè sa a anregistre nan biwo grefye Konsyè Siperyè Sendomeng lan, yo dwe li l, piblye l, fè enprime l e afiche l tout kote l nesesè.
Ekri nan Konsèy Deta Wa a, nan prezans Majeste a andan Versilles nan venntwa mwa jiye milsètsankatrevennèf. Siyen LA LUZERNE.