Sipò pou Repons Depite Reprezantan Mèt Faktori yo ak Machann Franse yo te bay Depite Sendomeng yo sou zafè Pwovizyon pou Koloni an.

Kreyòl Kreyòl

 

Sipleman pou Replik la, oubyen “Diskisyon kont sa yo di” ke Depite ki reprezante machann Franse yo ak mèt faktori yo bay di ke depite Sendomeng yo te sèvi ak yon bèl langaj ki te sèvi tou tankou yon fason pou bay Metwopòl la koutba. Dokiman sa a retire pwen santral la de kiltivatè kolonyal yo pou mete li sou machann Franse rich yo, li mande pou yo mete yon regleman sevè konsènan komès ke Asanble Nasyonal la ap fè nan koloni an. Yo diskite tou ke si koloni Sendomeng lan ap kontinye fè komès san yo pa swiv okenn règ nan zafè komès kolonyal la, tankou jan komèsan ap vann sik ak kafe ak Etazini se yon fason ke y ap volè pwodwi ak pwofi ki pou peyi Lafrans. Menm lè yo te adrese repons sa bay depite kolonyal yo nan koloni an, li te sanble adrese dirèkteman a moun ki pi rich yo epi ak kiltivatè ki gen plis pouvwa (enfliyans) yo––se moun sa yo ki ta kapab dezobeyi lalwa san okenn gwo konsekans lokal.

Menm kan dokiman sa a kanpe pou kont li kòm yon trete ekonomik ak patriyotik, men li fè pati tou, de yon pi gwo dokiman pou li detwi move rapò sou komès ke Depite nan Koloni an fè. Pi gwo Replik la itilize diferan pati nan lèt sa yo, jounal yo ak lis non moun ki nan bato yo pou pwouve ke machann Franse yo pa neglije koloni Sendonmeng lan. Replik la te pibliye nan fen lane 1789, li prete atansyon sou tout bagay ki konsène zafè devlopman ak gwo diskisyon sou zafè manje nan Sendonmeng.[1]

Malgre ke dokiman an pa genyen bon “prèv” ke machann farin frans yo te respekte kontra yo te fè a, li te chaje ak anpil bèl pawòl rich e patriyotik ki te sòti nan mitan yon klas sitwayen Franse rich ki t ap prepare chimen pou revolisyon Franse a. Epi tou, bwochi (ti dokiman) sa a montre nou, gwo anbisyon ke boujwazi Franse a te genyen, imedyatman aprè revolisyon an, jan yo te evalye posibilite pou yo genyen yon ekonomi mondyal ki siperyè.

[1] Otè yo ki ekri nan Replik la fè referans ak yon “Repons Kout [sic]” ki te pibliye nan 9 Oktòb 1789.

Klike pou koute anrejistreman tradiksyon an.

 

Orijinal:
(Supplément à la Réplique des Députés des Manufactures et du Commerce de France à MM. les Députés de S. Domingue, concernant l’approvisionnement de cette Colonie)


Want to get involved? Help clean up the French text.

Tradiksyon:

[…]

Pa gen okenn bèl pawòl ke Depite yo ki nan Sendonmeng ka bay pou yo ranplase demand ke yo te fè pou yo jwenn bato etranje pou fè ekspòtasyon danre ki nan koloni Sendomeng lan. Yo reyalize ke Koloni Sendonmeng te degaje l pou l rive nan yon degre pwosperite ki k ap fè tout lòt nasyon sezi. Li gen pwosperite sa a gras ak komèsan nasyonal Franse yo. Si yo ta rive nye verite sa a, sa pa ta fè sans e se tap yon engratitid. Si koloni ki nan zòn Sid la toujou rete nan menm fason l ye e li pa fè pwogrè, nou ka eksplike sitiyasyon sa a prensipalman ak konkirans ki genyen nan zafè komès nasyonal la ak lòt peyi etranje yo. Yon desizyon sevè dwe pran pou yo entèdi komès ak lòt peyi etranje e bay asirans ke yo peye la Lafrans pòsyon pa l nan zafè komès Sendonmeng vle reyalize avèk lòt peyi etranje yo. Nou sèlman bezwen bon lwa e moun ki gen kouraj pou ezekite yo. Pwovens zòn Sid lan te déjà kòmanse retire kò li nan, li te pwoteje pò li yo ak militè l yo, li te mete pèsonèl nan atelye li yo, kilti li grandi ak rapidite, pandan yon gouvènè te meprize lwa ke l te sèmante pou l fè yo ekzekite l, li te bliye tout pwomès li te fè yo, li mete tèt li nan plas lwa yo, li te meprize lwa ankò e li fè li tounen rival ak lòt nasyon sa yo, tankou [Lagrannbretay ak Lafrans] ki prezante yon kalite enkyetid, epi ki te devlope yon seri mwayen ki fè pè.

Gen kèk moun ki te doute e yo pwoklame ke LaFrans pa kapab opere jan li ta dwe opere, epi bay koloni li yo sa yo bezwen. Okontrè, yo ta dwe diskite ke ak bon lwa komèsyal (Yon seri lwa sou zafè komès la) ke LaFrans te kapab opere komès la non sèlman nan Sendonmeng, men nan lemonn antye.

Li tan pou nou jwenn ak tout moun ki te gen vye opinyon sa yo e moun ki te simaye vye opinyon sa yo. Li lè pou koloni yo peye lonè yo ak peyi LaFrans ki te kreye pwodi ki ba yo anpil richès. Pi gwo richès yon nasyon se kreye travay san limit pou tout sitwayen l; se lè l konstwi bato yo, se lè l transpòte danre ki fèt nan koloni yo nan pò l yo, se ouvèti yon kantite prodiksyon ki egal oubyen ki gen menm valè ak katrevendis milyon (90.000 000) nan koloni yo, se sa ki fè nou kreye tout travay sa yo. Si yon moun gen dezi pou nou diminye nan travay sa yo, se fòtin piblik li bezwen piye. Poutan, se sa Mesye depite Sendonmeng yo ap eseye pou yo fè. Men, Ki lè plan yo va reyalize ? Nan yon moman kote wazivite ap fè ravaj, sa vle di ke moun pap travay, epi tou, lame a pa kapab kraze pou yon kesyon travay sèlman. Se nan moman sa a ke nou panse ke gen chans sa yo lè nou ta dwe swete ke travay ta pral pote yon fen nan mòd aktivite sa yo, se pou rezon sa, nou vle pou anbake danre kolonyal ( pwodwi ki fèt nan koloni an ) bay lòt peyi ki t ap nan avantaj koloni an, andeyò peyi metwopòl la oubyen Lafrans ak lot peyi etranje, epi pou bato nou yo rete nan pò nou yo san yo pa vwayaje, pou kite maren nou yo ak travayè nou yo nan chomaj, sa vle di san travay. Lè sa a, faktori ak izin yo ki nan Lafrans yo ap sispann voye twal pou moun nan zile yo, pap gen aletranje oubyen lòt peyi yo pap achte twal oubyen rad ankò, sispann bay mwens (yon tikras) moun travay (fè plis moun travay nan koloni an) olye pou nou siyen yon trete komèsyal avek peyi Angletè.

Eske Mesye depite ki nan Sendonmeng yo te janm vini pou yo patisipe nan zafè fè lwa (lejislasyon) Lafrans lan (lwa franse a), pou yo kapab gen dwa ofisyèlman pou mete sanksyon sou komès kap fè peyi a mache e fè komès ak lòt peyi etranje san peyi Metwopòl pa konnen, yon bagay ki pa bon pou nasyon an (yon bagay k ap kraze peyi a), bagay sa a pa bon pou ekonomi nasyon Franse a tou (Metwopòl la) ? Pandan ke pwovens yo, vil, kò yo, kominote yo, ak lòt moun anko vin desann tèt yo anba pouvwa libète ak egalite, anpil pèdi privilèj yo, libète yo, ak franchiz oubyen lòt pouvwa yo te genyen, yo menm pèdi byen piblik yo , yo menm pèdi tou valè yo nan sosyete a. Eske Mesye depite nan Sendomeng yo te vini Lafrans pou yo menm tou fè pati vensis milyon moun ( 26 milyon moun) kap pwofite de yon seri gwo pwoblèm Lafrans genyen kap ajite l oubyen mete Lafrans anba tray. Mesye Depite Sendonmeng yo pwofite de sitiyasyon sa a pou koupe fache avèk Lafrans, peyi Metwopòl la ? Osinon, sa ki ta pi rèd la oubyen ki parèt etranj lan, sèke yo pwopoze anpil nouvo lwa [pou Metwopòl la] epi yo pase lòd ak bouch yo, e yo ekri atik sou zafè inyon yo ?

Yo te pèmèt pou yo pataje gwo fonksyon (gwo responsabilite) sa yo ke lejislatè yo nan gwo Pèp sa a genyen. Koulye a, yo gen yon gwo chay lou k ap peze nan men yo, yon gwo chenn ki byen lou k ap peze kou bon pèp sa a, ak anpil gwo taks yo toujou ap chaje sou do pèp la. Se pou yo konpare mòd sitiyasyon yon kiltivatè Franse, ke pwoblèm revni li pa lòt bagay ke pwoblèm taks ki twò lou pou yo, ak sitiyasyon yon kiltivatè Ameriken ki sèlman bay yon bon kontribisyon. Ah! pou pi piti, nan livrezon ki pa legal sa a, sou sa nou pa reklame anyen, se pou yo fini avèk vye (ansyen) oubyen move pretansyon ki pa jis, sa yo itilize pou fè mal oubyen ditò ak enterè nasyonal la, e se pou yo sèmante ke yo pap rekomese (fè komès osinon echanj) ankò [fè komès] ak lènmi yo! [1] Se sèl sakrifis ke Metwopòl la mande yo; se sèl pi gwo pri yo dwe enpoze sou yo.

Moun ki te siyen:

Depite Pari yo […][2]

Depite Masèy yo

[1] Nan fen dokiman an, machann yo ak mèt manifakti yo vin sispann kritik yo tap fè kont (sou) depite Sendonmeng yo, yo te di yo e kòmande yo pou yo kanpe sou de (2) pye fè m yo pou yo sispann fè komès ak lòt peyi ki se lènmi Lafrans yo.

[2] Genyen anpil lòt depite nan gwo pò Franse yo ak nan manifakti yo ki nan vil yo ke sinyati yo te parèt nan dokiman an tou, pi lwen, yo sikjere ke dokiman sa a (sipleman) jwenn yon sipò ekzagonal nan men moun ki gen manifakti (mèt manifakti) yo anba antrepriz ki nan koloni yo.

Author: Pierre Malbranche